Diznevyèm Sikwi jidisyè a pran angajman pou bay moun ki pa pale anglè ak moun ki soud yo, entèprèt kalifye nan entansyon pou elimine baryè kominikasyon ki ka anpeche yo patisipe okonplè nan pwosesis tribinal yo pou asire jistis ekitab ak aksè egal nan tribinal yo.

Entèprèt Lang Pale Yo

Diznevyèm Sikwi jisidyè a bay moun ki pa pale anglè yo entèprèt selon Dwa Sivil 1964 Tit VI, seksyon 90.606, Lalwa Florid yo ak Règleman 2.560, Administrasyon Jidisyè Règ Florid yo.

Nou ap nonmen entèprèt kalifye pou lang pale yo lè gen yon interè fondamantal ki an je epi lè moun nan pa gen abilite pou konprann oswa eksprime tèt li an Anglè ki anpeche’l patisipe okonplè nan pwosesis tribinal yo. Ka sa yo enkli, men ki pa limite ak, ka sikwi ak ka kontre kriminèl, ka delenkans jivenil ak depandans, patènite, lòd pwoteksyon kont vyolans domisil, pwosè sante mantal ak enkapasite, ak tout lòt kòz tribinal la deside ki bezwen entèprèt.

Nou ap osi nonmen entèprèt kalifye lang pale yo pou temwen ak viktim yo ki pa pale anglè, nan kelkeswa pwosè a nan kelkeswa sikwi oswa tribinal kriminèl konte a, oswa nan tout pwosè tribinal delenkans jivenil.

Nou dwe resevwa demann pou entèprèt lang pale yo, omwen 7 jou anvan dat pwosè a. Nan ka lang ki pa komen yo ak entepretasyon enprevi yo, nou ka bezwen plis tan pou nou jwenn yon entèprèt kalifye epi nou ka sèvi ak yon sèvis entèprèt elwanye nan videyo oswa nan telefòn.

Pou-ou fè demann pou yon entèprèt tribinal nan langaj pale:
Vizite nou nan sit nou epi ranpli fom pou fè demann la-a
Ouswa rele ofis entèprèt la (772) 462-1947.

Entèprèt Lang Siy

Anplis de sa, Diznevyèm Sikwi Jidisyè a bay sèvis entèprèt ak akomodasyon rezonab pou moun ki soud yo pou kelkeswa ka yo genyen an, selon seksyon 90.6063, Lalwa Florid ak lwa konsenan Ameriken ki Andikape “American with Disabilities Act” (ADA).

Demann pou yon entèprèt lang siy ta dwe fèt omwen 5 jou anvan dat randevou a si posib. Pou fè demann yon entèprèt lang siy oswa akomodasyon selon lwa konsenan Ameriken ki Andikape.

Pou fè demann pou yon entèrprèt nan langaj Siy:
Vizite nou nan sit nou epi ranpli fom pou fè deman la-a
Ouswa rele Administrasyon Tribinal’la (772) 807-4370.